Sòm 30​:​1-12

  • Tristès vin tounen lajwa

    • Favè Bondye se pou lavi (5)

Yon melodi. Yon chante David te ekri pou inogirasyon kay la. 30  M ap ba w glwa, o Jewova, paske w leve m*E w pa t kite ènmi m yo pase m nan rizib+.   O Jewova, Bondye m nan, mwen te kriye nan pye w pou m mande w sekou e w te geri m+.   O Jewova, ou rale m* monte sot nan Tonm nan*+.Ou pa kite m mouri, ou anpeche m desann nan twou a*+.   Chante louwanj* pou Jewova, nou menm ki fidèl devan l+.Fè louwanj pou non l ki sen+.   Paske lè l an kòlè kont yon moun, se pou yon ti tan+,Men lè yon moun gen favè l*, se pou lavi+.Sa ka rive nou kriye nan aswè, men, nan maten, n ap rele ak kè kontan+.   Lè bagay yo t ap mache byen pou mwen, mwen te di:“Mwen pap janm brannen*.”   O Jewova, lè m te gen favè w la*, ou te fè m djanm tankou yon mòn+.Men, lè w te kache pou mwen an, mwen te pè anpil+.   O Jewova, se ou menm mwen te kontinye rele+.Se Jewova mwen te kontinye sipliye pou l fè m favè.   Ki sa sa ap itil si m mouri, si m desann nan twou a*+?Èske pousyè tè ka louwe w+? Èske l ka pale de fidelite w+? 10  Koute m, o Jewova, epi fè m favè+.Ede m, o Jewova+. 11  Ou fè lapenn mwen ale e w fè m danse ak kè kontan.Ou retire twal sak ki te sou mwen an e w fè m gen anpil kè kontan 12  Pou m* ka chante louwanj pou ou, pou m pa ret an silans.O Jewova, Bondye m nan, m ap louwe w pou toutan.

Nòt anba paj

Oswa: “paske w rale m monte”.
Oswa: “rale nanm mwen”.
Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “nan tonm nan”.
Oswa: “Fè mizik”.
Oswa: “yon moun benefisye bonte l”.
Oswa: “kilbite”.
Oswa: “te konn benefisye bonte w la”.
Oswa: “nan tonm nan”.
Oswa: “Pou glwa m”.