Sòm 85​:​1-13

  • Yon priyè pou mande fòs

    • Bondye ap pale konsènan lapè ak sèvitè fidèl li yo (8)

    • Lanmou ak fidelite ap rankontre ansanm (10)

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante desandan Kore yo+ te ekri. 85  O Jewova, ou fè peyi w la favè+.Ou te fè desandan Jakòb ki te ann egzil yo tounen+.  Ou padone fot pèp ou a,Ou te padone* tout peche yo+. (Sela)   Ou te metrize gwo kòlè w te genyen an,Ou te sispann an kòlè kont yo+.   O Bondye delivrans nou an, fè nou repran fòs*,Pa fache avèk nou ankò+.   Èske w ap an kòlè kont nou nètale+?Èske w ap rete an kòlè kont nou, jenerasyon apre jenerasyon?   Èske w pap rebay pèp ou a fòs ankòPou yo ka rejwi nan ou+?   O Jewova, demontre lanmou fidèl ou genyen an pou nou+,E delivre nou.   M ap koute sa Jewova, vrè Dye a, diPaske se konsènan lapè l ap pale ak pèp li a+, sèvitè fidèl li yo,Depi yo pa retounen twò kwè nan tèt yo ankò+.   Se sèten moun ki gen lakrentif pou li yo ap jwenn delivrans nan men l byen fasil+,Yon fason pou glwa li ka rete nan peyi nou an. 10  Lanmou* ak fidelite ap rankontre ansanm,Jistis ak lapè ap bo youn lòt+. 11  Fidelite ap pouse sou tè a,Jistis ap gade anba detan l nan syèl la+. 12  Wi, Jewova ap ban nou sa ki bon*+E peyi nou an ap bay rekòt li yo+. 13  Jistis ap mache devan l+E l ap fè yon chemen ak mak pye l.

Nòt anba paj

Lit.: “kouvri”.
Oswa: “rasanble nou ankò”.
Lit.: “Lanmou ki fidèl”.
Oswa: “ap fè tout bagay byen mache pou nou”.