Sòm 61​:​1-8

  • Bondye se yon fòtrès ki pwoteje nou kont ènmi yo

    • “M ap abite lakay ou” (4)

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Se ak enstriman akòd pou yo akonpaye chante sa a. Yon chante David te ekri. 61  O Bondye, koute m lè m ap rele w pou m mande w sekou.Koute priyè m nan+.   M ap rele w depi nan dènye bout tè aLè kè m sere*+.Fè m monte sou yon wòch ki pi wo pase m+.   Paske w se yon kachèt pou mwen,Ou se yon fòtrès ki pwoteje m kont ènmi m+.   M ap abite lakay ou pou toutan+,M ap kache anba zèl ou+. (Sela)   Paske, ou tande pwomès mwen te fè w yo, o Bondye.Ou ban mwen eritaj ou bay moun ki gen respè pou non w yo+.   W ap ajoute kèk jou sou lavi* wa a+,Kantite tan l ap viv la ap anpil, l ap wè plizyè jenerasyon.   L ap chita sou twòn nan* devan Bondye pou toutan+.Se pou w pwoteje l akoz lanmou w* ak fidelite w+.   Konsa, m ap chante louwanj* pou non w pou toutan+E m ap respekte pwomès mwen fè w yo chak jou+.

Nòt anba paj

Oswa: “febli”.
Lit.: “jou”.
Oswa: “L ap abite”.
Oswa: “lanmou fidèl ou”.
Oswa: “m ap fè mizik”.