Sòm 82​:​1-8

  • Fè jijman ki jis

    • Bondye jije nan mitan “dye yo” (1)

    • “Defann malere yo” (3)

    • “Nou se dye” (6)

Yon chante Asaf te ekri+. 82  Bondye pran plas li nan mitan asanble l la+.L ap jije nan mitan dye* yo+. Li di:   “Ki lè n ap sispann jije yon fason ki enjis+?Ki lè n ap sispann gen patipri pou mechan an+? (Sela)   Defann* malere yo ak timoun ki san papa yo+.Fè moun ki pa gen moun ki pou ede yo ak moun ki pòv yo jwenn jistis+.   Delivre malere yo, delivre moun ki pòv yo,Sove yo anba men mechan yo.”   Jij yo pa konnen, ni yo pa konprann+.Y ap mache nan fènwa.Tout fondasyon tè a ap tranble+.   “Mwen te di: ‘Nou se dye*+,Nou tout se pitit Sila a ki nan pi gwo pozisyon an.   Men, n ap mouri menm jan ak tout moun+.E n ap tonbe menm jan ak lòt chèf yo+!’”   Leve kanpe, o Bondye, epi jije tè a+.Paske, tout nasyon yo se pou ou.

Nòt anba paj

Oswa: “moun ki tankou Bondye”.
Oswa: “Jije”.
Oswa: “moun ki tankou Bondye”.