Sòm 126​:​1-6

  • Siyon vin gen kè kontan ankò

    • “Jewova fè gwo bagay” (3)

    • Kè kontan ranplase dlo nan je (5, 6)

Yon chante pou moun k ap monte yo. 126  Lè Jewova te fè moun ki te ann egzil yo tounen Siyon+,Nou te panse se reve nou t ap reve.   Lè sa a, nou te ri san reteE nou te rele byen fò ak kè kontan+.Lè sa a, moun nan nasyon yo te di:“Jewova fè gwo bagay pou yo+.”   Wi, Jewova fè gwo bagay pou nou+.Se sa k fè kè nou kontan anpil.   O Jewova, fè moun pa nou yo ki ann egzil yo retounen,Menm jan ak dlo lapli ki plen rivyè nan Negèb yo*.   Moun ki simen semans li ak dlo nan je,L ap rele byen fò ak kè kontan lè l ap rekòlte.   Moun ki soti ak yon sak semans,Menmsi l ap kriye,Se sèten l ap rele byen fò ak kè kontan+Lè l ap retounen lakay li ak sa l rekòlte+.

Nòt anba paj

Oswa: “ki plen ravin ki nan sid yo”.