Sòm 16​:​1-11

  • Jewova se Sous tout bon bagay

    • “Jewova se pòsyon pa m” (5)

    • ‘Panse m yo korije m nan nuit’ (7)

    • ‘Jewova sou bò dwat mwen’ (8)

    • “Ou pap kite m nan Tonm” (10)

Yon miktam* David te ekri. 16  O Bondye, pwoteje m, paske se bò kote w mwen pran refij+.   Mwen di Jewova: “Jewova, se ou ki sous tout bon bagay mwen genyen,   E moun ki sen ki sou tè a,Wi, moun ki gen glwa yo, fè m gen gwo kè kontan+.”   Se pa de pwoblèm moun ki kontinye ap sèvi lòt dye yo genyen+.Mwen pa gendwa janm vide san kòm ofrann pou lòt dyeE mwen pa gendwa janm site non yo ak bouch mwen+.   Jewova se pòsyon pa m, li se pòsyon yo met apa pou mwen an+, e se li menm ki plen gode m+.Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje eritaj mwen.   Kote w mezire pou w ban mwen an fè m plezi anpil.Wi, mwen kontan ak eritaj mwen jwenn nan+.   M ap fè louwanj pou Jewova, paske li ban m konsèy+.Menm nan nuit, panse* m yo korije m+.   Mwen gen Jewova devan je m toutan+.Piske li sou bò dwat mwen, mwen pap janm brannen*+.   Se poutèt sa, kè m kontan. Se tout mwen menm ki* kontan.E m* ap abite an sekirite. 10  Paske, ou pap kite m* nan Tonm*+,Ou pap kite sèvitè fidèl ou a rete nan* twou a*+. 11  Ou fè m konnen chemen ki mennen nan lavi a+.Depi w la*, gen anpil lajwa+,Wi, bò kote w, se lajwa* pou toutan.

Nòt anba paj

Oswa: “santiman ki pi pwofon”. Lit.: “ren”.
Oswa: “kilbite”.
Lit.: “Glwa m”.
Lit.: “chè mwen”.
Oswa: “pap abandone nanm mwen”.
Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “sèvitè fidèl ou a wè”.
Se kapab tou: “Ou pap kite kò sèvitè fidèl ou a dekonpoze”.
Lit.: “Devan fas ou”.
Oswa: “plezi”.