Sòm 84​:​1-12

  • Gwo anvi pou al nan tabènak Bondye a ki estrawòdinè

    • Yon Levit anvi vin tankou yon zwazo (3)

    • “Yon jou nan lakou w yo” (10)

    • ‘Bondye se yon solèy e li se yon boukliye’ (11)

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Pou yo jwe sou gitit*. Yon chante desandan Kore yo+ te ekri. 84  Se pa ti renmen mwen renmen tabènak* ou a ki estrawòdinè+,O Jewova, Chèf lame yo!   Se tout mwen menm ki* swaf wèLakou Jewova yo,Wi, mwen santi m fèb tèlman mwen anvi wè yo+.Kè m ak kò m ap rele Bondye vivan an ak kè kontan.   Menm zwazo yo jwenn yon kote nan kay ou a pou yo rete.Iwondèl la jwenn yon nichKote li ka pran swen pitit li yoToupre lotèl ou a, o Jewova, Chèf lame yo,Ou menm ki Wa m e ki Bondye m!   Byennere moun ki abite lakay ou+!Yo kontinye fè louwanj pou ou+. (Sela)   Byennere moun ki pran fòs nan ou+E ki swaf pou yo mache sou wout ki mennen lakay ou.   Lè y ap pase nan Vale Baka*,Yo fè l vin yon kote ki gen sous dlo.E premye sezon lapli a kouvri l* ak benediksyon.   Tank y ap mache, se tank yo vin gen plis fòs+.Yo chak yo parèt devan Bondye nan Siyon.   O Jewova Dye, Chèf lame yo, koute priyè m.O Bondye Jakòb la, koute m. (Sela)   Ou menm ki boukliye nou+ e ki Bondye nou*,Fè moun ou chwazi a favè+. 10  Paske, yon jou nan lakou w yo pi bon pase 1 000 jou nenpòt lòt kote+.Mwen chwazi pou m rete nan papòt kay Bondye m nanOlye pou m al rete nan tant kote y ap fè mechanste yo. 11  Paske, Jewova Dye se yon solèy+ e li se yon boukliye+.Li fè moun favè e li fè yo jwenn glwa.Jewova pap refize bay moun ki mache dwat yoOkenn bon bagay+. 12  O Jewova, Chèf lame yo,Byennere moun ki mete konfyans yo nan ou+.

Nòt anba paj

Oswa: “Nanm mwen”.
Oswa: “vale ki gen pye baka yo”. Baka se yon mo ebre. Yo pa byen konn ki kalite pyebwa li ye.
Se kapab tou: “E enstriktè a vlope kò l”.
Se kapab tou: “Gade boukliye nou an, o Bondye”.