Sòm 53​:​1-6

  • Moun sòt yo

    • “Pa gen Jewova” (1)

    • “Pa gen youn k ap fè sa ki bon” (3)

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Nan stil Mahalat*. Maskil*. Yon chante David te ekri. 53  Moun sòt la* di nan kè l:“Pa gen Jewova+.”Move bagay y ap fè yo pa bon menm e yo bay degoutans.Pa gen youn k ap fè sa ki bon+.   Men, detan Bondye nan syèl la, l ap gade lèzòm+Pou l wè si gen nan yo ki gen bon konprann, si gen nan yo k ap chèche Jewova+.   Yo tout kite wout la,Yo youn pa bon menm.Pa gen youn k ap fè sa ki bon,Pa menm youn+.   Èske se konprann okenn nan moun k ap fè sa ki mal yo pa konprann?Y ap devore pèp mwen an tankou se pen y ap manje.Yo pa envoke non Jewova+.   Men, yon gwo laperèz gen pou anvayi yo.Y ap pè nan yon nivo yo pa t janm pè anvan*.Paske, Bondye ap gaye zo moun ki atake Izrayèl yo*.Izrayèl ap fè yo wont paske Jewova vire do ba yo.   Se pou delivrans Izrayèl soti nan Siyon+!Lè Jewova ap rasanble moun nan pèp li a ki te ann egzil yo,Se pou Jakòb kontan, se pou Izrayèl rejwi.

Nòt anba paj

Oswa: “Moun ki pa gen bonsans lan”.
Se kapab tou: “Y ap pè alòske pap gen anyen ki pou ta fè yo pè”.
Lit.: “ki monte kan kont ou yo”.