Sòm 90​:​1-17

  • Bondye la pou toutan e lavi moun kout

    • Mil an tankou se te jounen yè a (4)

    • Moun viv 70 an oswa 80 an (10)

    • “Aprann nou ki jan pou n byen sèvi ak jou nou gen pou n viv yo” (12)

Yon priyè Moyiz, sèvitè vrè Dye a, te fè+. 90  O Jewova, jenerasyon apre jenerasyon, se ou ki toujou kay kote nou abite a*+.  Anvan mòn yo te egziste,Anvan w te fè tè a*+,Depi toutan e pou toutan se ou menm ki Bondye+.   Ou fè lòm retounen nan pousyè,Ou di: “Nou menm lèzòm, retounen nan pousyè+.”   Nan je w, lè 1 000 an pase, se tankou se te jounen yè a+,Se tankou yon ti bout nan yon nuit.   Ou fè yo rive nan bout yo byen vit+, yo disparèt tankou yon rèv.Yo tankou zèb ki leve nan maten+.   Nan maten, yo grandi, yo fleri,Men nan aswè yo fennen e yo seche+.   Paske, ou fini ak nou pandan w an kòlè a+E nou pè akoz ou fache anpil.   Ou mete peche nou fè yo devan w*+.Menm peche nou fè an kachèt yo parèt klè devan je w+.   Lavi nou* ap depafini tikras pa tikras akoz ou an kòlè anpil.Ane n ap viv yo rive nan bout yo byen vit tankou yon souf. 10  Kantite tan nou viv se 70 an.Si nou gen anpil fòs*, nou ka viv 80 an+.Men, sa nou jwenn pandan ane sa yo, se pwoblèm ak tristès.Ane sa yo pase byen vit, e nou vole n ale+. 11  Kiyès ki ka konprann jis nan ki pwen w ka an kòlè?Ou ka vin an kòlè anpil, e se nan menm nivo sa a moun dwe gen lakrentif pou ou+. 12  Aprann nou ki jan pou n byen sèvi ak jou nou gen pou n viv yo*+,Yon fason pou nou ka vin gen sajès nan kè nou. 13  O Jewova, fè nou favè ankò+! Pandan konbyen tan ankò sitiyasyon sa a ap dire+?Gen pitye pou sèvitè w yo non+. 14  Fè nou benefisye lanmou fidèl ou genyen an+ nan matenPou nou ka rele byen fò ak kè kontan, pou nou ka rejwi+ pandan tout vi nou. 15  Fè nou rejwi pandan menm kantite jou ou te fè nou soufri yo+,Pandan menm kantite ane nou te pase anba pwoblèm yo+. 16  Fè sèvitè w yo wè sa w ap fèE fè pitit yo wè glwa w+. 17  Se pou Jewova, Bondye nou an, kontinye fè nou favè.Se pou tout sa nou fè mache byen*.Wi, se pou w fè tout sa nou fè mache byen*+.

Nòt anba paj

Se kapab tou: “se ou ki refij nou”.
Oswa: “fè tè a kòmsi se te nan doulè tranche”.
Oswa: “Ou konnen peche nou fè yo”.
Oswa: “Jou nou yo”.
Oswa: “gen yon fòs espesyal”.
Lit.: “pou n konte jou nou yo”.
Oswa: “tout sa nou fè byen tabli”.
Oswa: “tout sa nou fè byen tabli”.